Melchie Dumornay siyen ofisyèlman ak Olympique Lyonnais 

Jephte Pascal
Par
Jephte Pascal
Rédacteur
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.
- Rédacteur
melchie dumornay siyen ofisyèlman ak olympique lyonnais 
Olympique Lyonnais anonse li siyen ofisyèlman Melchie Daëlle Dumornay. Pi gwo espwa foutbòl ayisyen an pral reyalize rèv li pou l jwe pou gwo klèb sila a.
Jan tout moun te ka presanti sa, Melchie Daëlle Dumornay pral jwe pou Olympique Lyonnais sezon k ap vini la a. Ayisyèn nan poze siyati anba kontra ki lye l ak klèb la pou jis 2026.
Pi gwo klèb yo te dèyè jwèz seleksyon nasyonal feminen an men se OL li chwazi finalman. Klèb pa kache kontantman l genyen pou l atache sèvis pepit sa. Depi lè l rive nan D1 Arkema a, li fè 15 gòl pou 28 match li jwe.
 » Se te toujou rèv mwen pou m pote mayo Olympique Lyonnais a. M konnen klèb sa ka ede m pwogrese epi konkeri twofe. M ka tann pou m jwe isi a epi evolye bò kote Wendie Renard. Se yon modèl pou anpil jèn jwèz e m espere vin tankou l yon jou  » konsa Melchie te reyaji.
Aktyèl jwèz Stade de Reims lan ap rejwenn gwoup OL la apati de premye Jiyè 2023. Kontra sa ap bout 30 Jen 2026.

Stay connected with NetAlKole

Partager cet article
Rédacteur
Suivre
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.