Pwogram Biden nan kontinye ap fè chimen l pa bò isit nan peyi d Ayiti, menm jan ak nan lòt 3 peyi ki konsène yo. Ayè 28 fevriye a, Anbasad amerikèn ki sou teritwa a bay nouvo detay sou dewoulman pwosesis la.
Depi 17 fevriye 2023 se 36 500 sitwayen ayisyen, venezyelyen, kiben ak nikaragweyen ki resevwa otorizasyon pou yo antre Etazini atravè pwogram Pawòl Imanitè a, se sa anbasad la fè konnen sou rezo sosyal li yo.
Li kontinye pou di genyen dosye plis pase 60 400 rèsotisan 4 peyi sila yo ki deja verifye nan kad dewoulman pwosesis la.
“Pwosesis pou Kiben, Ayisyen, Nikaragweyen, ak Venezyelyen ki pèmèt yo resevwa otorizasyon pou vwayaje, ak yon sejou ki ka dire 2 zan ak tout yon pèmi travay ap mache e lap mache byen. Jiska 17 fevriye, se plis pase 36,500 moun ki soti nan peyi sa yo epi vin Etazini legalman atravè pwosesis sa a”, Anbasad amerikèn nan yon nòt li pibliye sou Twitter.
Otorite amerikèn yo fè konnen yon lòt kote moun ki aplike yo pa dwe kwè nan manti sila k ap fè kontrebann yo.
“Eseye antre Ozetazini ilegalman pral lakòz yon pwosedi depòtasyon epi yo pral pèdi opòtinite pou yo patisipe nan pwogram sa ki gen siksè”, yo avèti.
N ap raple sila ki gen chans jwi privilèj sila ap kapab gen pèmi travay pi devan, posibilite pou aprann anglè nan yon lekòl ameriken san yo pa peye yon santim, y ap kapab benefisye yon alokasyon 400 dola ameriken pandan 8 premye mwa aprè yo rive a, y ap genyen aksè ak swen sante gratis ti cheri.
Facebook Comments