Anbasad peyi Etazini nan Pòtoprens kondane ak tout fòs yo zak dechoukay ak vyolans yo pandan jounen mobilizasyon yo 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
anbasad peyi etazini nan pòtoprens kondane ak tout fòs yo zak dechoukay ak vyolans yo pandan jounen mobilizasyon yo 

Nan yon nòt pou laprès li pibliye granm bonè maten dimanch 18 septanm 2022 a, anbasad peyi  Etazini nan peyi d Ayiti eksprime sansibilite yo genyen pou antreprenè yo kap rekonèt yon defisi total nan dènye tan sa yo.  

 » Dwa moun genyen pou yo rasanble epi manifeste se yon dwa fondamantal nan tout demokrasi. Sepandan, peyi Etazini kondane ak tout fòs li zak vyolans, piyaj, ak zak destriksyon ki fèt nan dènye jou sila yo nan peyi d Ayiti, ak tout moun ki pwovoke evènman sila yo nan enterè pèsonèl yo. » Se sa a nou ge kapab li nan nòt sila a, pandan anbasad la di yo swete tout Ayisyen eksprime opinyon yo nan fason pasifik ki respekte aktè kap travay nan sektè imanitè yo ak lapolis, epi pou pèmèt Ayisyen ki nan bezwen yo jwenn aksè san difikilte pou jwenn manje, dlo ak swen medikal, pou n site sa yo sèlman. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pi lwen, anbasad peyi tonton Sam raple depi mwa desanm ki sot pase a, patnè ak òganizasyon entènasyonal yo te mobilize plis pase 294 milyon dola nan nouvo angajman pou peyi d Ayiti. Toutfwa yo fè konnen, li nesesè pou genyen plis soutyen an ijans, tankou kontribisyon nan Fon Komen Sekirite Nasyonzini peyi Kanada te kreye. 

Anbasad la kontinye ankouraje aktè ayisyen yo pou yo jwenn yon antant sou yon akò politik ak patisipasyon tout moun epi k ap pèmèt òganize eleksyon depi kondisyon yo pèmèt sa.  » Ayisyen toupatou nan peyi, nan tout kouch sosyal dwe kreye kondisyon ki va pèmèt yon gouvènman ki eli demokratikman pran fonksyon depi sa posib. » Deklare responsab yo. 

Pou fini, yo pwofite pwomèt peyi Etazini ap toujou rete yon patnè fidèl peyi d Ayiti,  » Nap rete ak detèminasyon pou soutni pèp ayisyen an nan peryòd difisil sila a. » Toujou deklarasyon anbasad peyi Etazini nan Pòtoprens. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.