Ministè edikasyon nasyonal kondane epi denonse atak ki fèt sou etablisman eskolè yo 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
Ministè edikasyon nasyonal kondane epi denonse atak ki fèt sou etablisman eskolè yo 

Nan yon nòt pou laprès ki sòti jounen samdi 17 septanm 2022 an, Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl denonse atak ki fèt sou plizyè etablisman eskolè dènye jou sa yo nan plizyè vil andedan peyi a. 

Fas ak reyalite ki egziste nan rejyon metwopolitèn lan ak plizyè vil pwovens kote plizyè batiman lekòl te vize kòm sib, ministè a mande ak manifestan yo pou pwoteje etablisman eskolè yo ki, daprè kominike ministè a, se de byen piblik. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

«Apre divès atak sou plizyè etablisman eskolè nan dènye jou sa yo, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) lanse yon rèl pou mande pwoteje lekòl ak inivèsite ki se byen piblik», ekri nan nòt pou laprès sa. 

Ministè a raple, enstitisyon eskolè yo, prive kòm piblik, kongreganis, presbiteral oswa kominotè, se tanp konesans pou fòmasyon timoun nou yo, ki senbolize avni peyi a, ki se egalman de «espas ki sèvi kòm abri tanporè nan ka dezas natirèl, tankou siklòn ak inondasyon», sa nou kapab li nan kominike sa. 

MENFP denonse epi kondane zak sa yo ki fèt kont etablisman eskolè yo ki, daprè sa yo di, «se espas pou kat milyon timoun nou prepare avni yo, ak zouti travay pou plizyè milye pwofesè nou yo», sa ministè a kontinye pou di, ki egalman kondane piyaj ki fèt nan plizyè depo manje pou kantin eskolè ki, daprè MENFP, pral afekte plizyè lekòl piblik ak prive. 

Toutfwa, ministè edikasyon nasyonal «prezante senpati li bay viktim yo epi reyafime angajman l pou sipòte lekòl ki afekte yo, nan kad misyon li», e garanti l ap «rete an kontak ak Asosyasyon Direktè lekòl, Sendika Anseyan, Asosyasyon Paran elèv pou konbit pwoteksyon lekòl yo», nan yon moman kote prèske tout peyi a boulvèse. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.