Reprezantan pèmanan Ayiti nan Nasyonzini an Antonio Rodrigue bat bravo lakontantman pou desizyon ki pran jounen vandredi a nan Konsèy sekirite a pou adopte rezolisyon ki vize sanksyone gwoup ame yo an Ayiti.
Anbasadè ayisyen an di mèsi ak peyi manm konsèy sekirite Nasyonzini yo ki adopte jounen vandredi 21 oktòb la mezi ki pran nan rezolisyon sa ki te vin devan yo sou sanksyon finansye ak anbago sou zam ki sipoze pran kont gwoup ame yo ak lòt moun k ap sipòte aktivite kriminèl an Ayiti.
Daprè anbasadè a, mezi sa yo ap kontribiye nan mete yon bout ak aktivite vyolan e kriminèl gwoup ame sa yo nan peyi a ki pa sispann fè viktim ak moun ki oblije kite lakay yo pa pil ak pa pakèt.
Anbasadè Antonio Rodrigue fè konnen sanksyon sa yo ki pran nan konsèy sekirite a vize non sèlman chèf gang yo, men egalman tout moun k ap sipòte yo nan ba yo lajan oubyen nan voye zam ak bal ba yo an Ayiti.
Toutfwa, reprezantan pèmanan Ayiti a nan Nasyonzini an fè konnen mezi sanksyon sa yo pou kò yo pa p rive mete fen tout bon vre ak nivo ensekirite ki gen nan peyi an. Daprè Antonio Rodrigue, fòs sekirite yo pa gen kapasite pou fè fas ak fòs gwoup ame yo.
Sou pwen sa, gouvènman ayisyen an adrese yon korespondans ak Nasyonzini pou mande l òganize yon entèvansyon militè etranje an Ayiti pou kapab vin rezoud pwoblèm ensekirite ak imanitè peyi a ap konnen dènye tan sa yo.

