Anbasadè Ayiti nan Washington lan enplike nan yon gwo operasyon trafik paspò

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
anbasadè ayiti nan washington lan enplike nan yon gwo operasyon trafik paspò

Yon rapò Ministè afè etranje ayisyen an revele gen yon gwo operasyon trafik ilegal paspò k ap fèt nan anbasad Ayiti nan peyi Etazini an ki enplike yon pakèt gwo pèsonalite, pami yo ansyen Chanselye Bocchit Edmond.

Ansyen Minis ayisyen afè etranje an ki se aktyèlman anbasadè nan peyi Etazini, ta enplike nan mete sou pye yon gwo rezo fabrikasyon ilegal paspò ayisyen atravè yon fo ajans konsilè ki nan Salisbury.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè rapò Ministè afè etranje an, Bocchit Edmond ansanm ak plizyè lòt responsab nan anbasad Ayiti Washington lan ta mete tèt yo ansanm pou mennen gwosè operasyon koripsyon sa, prensipalman atravè antèn Salisbury an.

Akote ansyen Chanselye a, Gélorme Juste, Emmanuel Content, Bettina Edmond ki se ansyen anplwaye anbasad la epi sè Bocchit Edmond, se kèk pami manm diplomasi ayisyèn lan Washington ki enplike nan dosye sa.

Bocchit Edmond ta resevwa lajan anba tab nan men Gélorme Juste ak Emmanuel Content pou ta fèmen je l sou dosye sa. Daprè temwanyaj Ministè afè etranje pran nan kad ankèt sou dosye sa, ansyen Chanselye a ta egzije pou pi piti 10,000 dola.

Ankèt MAE a revele egalman Emmanuel Content ta bay madame Bettina Edmond aksè ak kont san limit li an pou fabrike paspò chak semèn, sòti jedi pou rive dimanch, malgre li pa gen okenn fonksyon ofisyèl nan anbasad la.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.