Elektrisite an Ayiti se yon sijè ki souvan jenere deba ak enkyetid, kòm peyi k ap fè fas ak gwo defi ekipman pou enèji. Rezo elektrisite Ayiti a konsidere kòm youn nan rezo ki mwen fyab pi pa devlope nan rejyon an. Yo estime anviwon 70% nan popilasyon an pa gen aksè a elektrisite mete sou sa yo souvan ap koupe kouran nan zòn iben ak riral yo.
Sepandan, pandan dènye tan sa yo, preske tout zòn nan peyi a espesyalman nan Kapital peyi a ap fè fas ak yon gwo ratman nan koze kouran, kote gen kèk katye ki gen plis pase mwa ak pann kouran regilye. Se sak fè, sitiyasyon sila a pouse anpil Sitwayen Ayisyen ap kesyone sou enstitisyon EDH la, ki responsab bay kouran nan peyi a.
« Elektrisite d Ayiti (EDH), èske bagay sa egziste toujou an Ayiti? èske gen yon swa dizan direktè jeneral nan tèt enstitisyon sa? 5 semèn san kouran nan zòn pam, pou pa genyen yon nòt ki sòti pou mete pèsonn moun o kouran de sitiyasyon sa a », te fè konnen yon Sitwayen, ki kontinye pou l eksplike » Ayiti se sèl kote lekòl piblik paka fonksyone paske elèv yo paka jwenn pwofesè, lopital pa gen medsen, enèji ak materyèl, mete sou sa, konpayi kouran pa gen kouran ».
Pwoblèm elektrisite ki se yon pwoblèm komen nan anpil zòn nan Kapital la, rive nan kèk vil Pwovens yo tou an Ayiti. Pann kouran yo rive souvan nan plizyè vil pwovens, epi kèk zòn konn rete san kouran plizyè jou, menm plizyè ane daprè sa kèk manm nan popilasyon an rapòte.
Se ka vil endepans peyi a, k ap kouri sou plis mase 3 lane san l pa konn sak rele kouran EDH la. Daprè Sitwayen sa yo, leta demisyone nan peyi a. Men sepandan, Sitwayen yo fè konnen yo pa rete chita ap gade sou Leta, piske yo konnen yo pa gen Leta, yo òganize yo poukò yo.
» Kòm nou konnen trè byen Nou pa gen leta, nou degaje n jan n konnen. Piske vil la gen soley ak van an pèmanans. Nèg yo jis pa sou regle anyen pou Ayiti, nou jis ap kreve », te di yon lòt Sitwayen.
Nan sans sa, Popilasyon an mande pou Gouvènman ayisyen an lanse plizyè inisyativ pou eseye rezoud pwoblèm kouran nan peyi a, sitou nan ankouraje devlopman enèji renouvlab ak modènize rezo distribisyon an. San bliye peye amplwaye yo ki pa janm ka touche depi plis pase 3 mwa.
Facebook Comments