Ane yo ap pase, lapli san pa sispann tonbe sou Ayiti

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
ane yo ap pase, lapli san pa sispann tonbe sou ayiti
Chak ane k ap pase kriz sekirite a ap vin pi grav nan peyi a, sa ki montre Ayiti pa sispann desann nan lanfè. Leta bò kote pa l ap pèdi monopol li sou vyolans lejitim yo tikras pa tikras, epi Leta kontinye rete pasif fas ak kòlè gwoup nèg ak zam yo k ap grandi teritwa yo chak jou epi k ap fè abi ak enpinite total. Yon sitiyasyon ki fè anpil Ayisyen pa wè lòt espwa, lòt chwa, ki se ! kite peyi a.
Pou anpil sitwayen Ayisyen, Leta abandone yo, Leta kite yo poukont yo ap sibi konsekans devastatè move zak yo, tankou lagè gang, asasinay, kidnapin, vyòl gang yo ap fè sou jèn fanm ak timoun yo, vyolans sikolojik, fizik, seksyèl, elatriye…  Popilasyon an, Leta neglije, pran an otaj pa gang ak zam sa yo, epi, y ap viv san okenn dwa fondamantal jan sa ta dwe ye.
« Dwa fondamantal yo pa respekte  an Ayiti, sètadi, dwa pou lavi, dwa pou sekirite, dwa pou lojman, dwa pou edikasyon, dwa pou sante, elatriye… », te fè konnen yon sitwayen, tout pandan li te kontinye pou li di « dwa sa yo bafwe an Ayiti, Leta peyi m kontinye rete bèkèkè, epi kite ti pèp la ap tonbe anba bal bandi ak zam k ap fè lalwa ».
Pou anpil lòt, reyalite ayisyèn nan sanble chak jou ak yon forè kote lwa pi fò a aplike, kote lagè tout moun kont moun, moun paka konte sou Leta nan anyen.  » Nou pa mande lòt bagay ki se viv alèz, pèp ayisyen an, pa t ka gen lòt aspirasyon pase pou l ka viv an sekirite, lapè ak trankilite nan peyi kote l fèt la », te eksplike yon lòt sitwayen.
Kominote entènasyonal la ezite pran desizyon
Vrèman vre, chak ane ki ap pase, lapli san an pa sispann vide sou  Ayiti. Daprè kèk rapò Òganizasyon dwa moun, krim kap fèt nan peyi a atenn yon nivo ki egzajere, yon nivo yo pa t janm espere. Daprè yo, zak vyolans vin nòmal  nan relasyon sosyal ak sasinay ki vin tounen yon nouvo reyalite sosyal pèp ayisyen an.
Malgre sitiyasyon grav sila a pèp Ayisyen an ap travèse a, kominote entènasyonal la toujou ezite deside sou ki kalite aksyon ki ka kontribiye nan rezolisyon kriz ayisyèn nan.
N ap note, klima k ap ravaje peyi a montre a klè, nivo boulvèsman sikoloji popilasyon ayisyèn nan fas ak zak babari gang ak zam yo ap fè nan tout peyi a ak endiferans Leta ayisyen, ki jou aprè jou ap pèdi notoryete l kòm yon otorite senbolik. Sa ki fè Popilasyon Ayisyèn nan fòse viv nan sitiyasyon kote yo vin pa kapab planifye avni yo, epi jwe wòl yo kòm gadyen souverènte nasyonal, paske gang ap kouri dèyè yo regilyèman, pasi pala.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.