Dola ameriken an chanje ofisyèlman a 150 goud pou yon premye fwa

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
dola ameriken an chanje ofisyèlman a 150 goud pou yon premye fwa
Nan to referans Bank Repiblik Dayiti a (BRH) kominike chak jou yo, dola ameriken an chanje ofisyèlman a 150 goud jodi vandredi 3 mas la, sa ki rive pou premye fwa nan tout istwa peyi a.
Akote tout lòt kriz Ayiti ap konnen dènye ane sa yo, goud la pa sispann pèdi valè l fas lajan ameriken an, kote pou jounen 3 mas la yon moun oblije genyen pou pi piti 150 goud pou chanje yon dola.
Nan to referans BRH pou jounen vandredi an, dola ameriken an pran yon valè li pa t janm genyen nan tout iswta echanj deviz nan peyi an avèk 150 goud 62 santim li ye pou jounen 3 mas la.
Lajan ameriken an ki pa sispann file monte pandan 10 dènye ane sa yo, rive nan yon nivo rekò pou kòmansman ane 2023 a malgre divès mezi Bank santral eseye pran pou frennen sitiyasyon sa.
Bank Repiblik Dayiti ki se enstitisyon Leta ayisyen ki gen responsablite mete lòd nan kesyon deviz nan peyi an, pa rive frennen monte dola ameriken an fas ak goud la kote sou twa dènye yo li sòti anba 100 goud pou rive 150 goud jounen jodia.
N ap raple, sou mache enfòmèl la, dola ameriken an te deja depase depi byen lontan 150 goud BRH fikse pou jounen jodia kote, nan men kanbiz yo, yon grenn dola kapab vo jiska 200 goud ayisyen.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.