Angletè imilye Iran pou l antre nan Mondyal la 

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
angletè imilye iran pou l antre nan mondyal la 
Angletè te san pitye pou Iran nan premye match li pou Koup Di Mond 2022 a, 21 Novanm nan. Anglè yo fè yon festival fas ak Azyatik (6-2). Plizyè jèn jwè ekip Anglèz la patisipe nan bèl viktwa peyi yo.
Pa gen pi bon fason pou w kòmanse yon Koup Di Mond ke avèk yon viktwa. Angletè konprann sa e l pa rate okazyon pou l maspinnen Iran ki te advèsè l pou premye match nan Gwoup B a. Jèn jwè peyi Angletè yo te gen mak yo nan siksè sa.
Se Jude Bellingham ki louvri eskò a pou jwè Gareth Southgate yo (34′). Mitan teren Borussia te make ak tèt li. Bukayo Saka (43′) ak Raheem Sterling (45′) te pèmèt Angletè rantre nan vestyè a ak yon bèl avantaj (3-0). Depi la a, Anglè yo te pliye match la.
Nan dezyèm mitan match foutbòl sila a, Bukayo Saka te make yon lòt gòl pou peyi l (62′). Se premo match jwè Arsenal la nan zafè Koup Di Mond e l gentan make 2 gòl. Mehdi Taremi, jwè FC Porto, te redwi eka a kèk minit aprè (65′) pou l te anpeche patriyòt li yo koule nèt.
Anglè yo pa t di dènye pawòl yo. Se sa k fè Marcus Rashford te make senkyèm gòl la, 60 segond sèlman aprè l fin monte nan match la (71′). Jack Grealish enskri dènye gòl Angletè nan match la (90′). Menm Taremi an te fè yon lòt gòl pou Iran sou penalite (90+3′) pou l fèmen eskò a.
Se yon match ki te gen nenpòt 14 minit adisyonèl ki jwe nan premye mitan an akoz gadyen Iran an ki te choke. Se jwè 21 lane a, Bukayo Saka ki fini bon jwè pou match sa. Angletè byen pati nan Koup Di Mond.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.