Anviwon 13 migran pèdi lavi yo nan yon aksidan nan peyi meksik

Kethia Saint Marc
ParKethia Saint Marc- Rédactrice
anviwon 13 migran pèdi lavi yo nan yon aksidan nan peyi meksik

Anviwon 13 migran rann dènye souf yo ak plizyè lòt blese, nan yon aksidan nan zòn sid peyi meksik ayè dimanch 19 fevriye a. Daprè otorite yo nasyonalite viktim yo se ayisyen, venezyelyen epi kolonbyen. 

 

Pami viktim yo, 4 fanm epi 7 gason ki pèdi lavi yo sou plas. Gen youn ki vwèl pou peyi san chapo pandan y ap pran wout lopital avè l, epi trèzyèm lan nan lopital jeneral  » Tehuacán« .

 

Daprè otorite meksiken yo nan jounal  » La Jornada« , viktim yo gen pou nasyonalite, ayisyen, venezyelyen epi kolonbyen. Premye rapò a konnen, chofè a te rive pèdi fren epi l tou pèdi kontwòl bis la, ki vin chavire sou otowout ki relye  » Cuacnopalan ak « Oaxaca ». 

 

Gouvènman peyi a, Sergio Salomón eksplike ensidan sa rive fèt nan vil vwazin  » Oaxaca » epi pwofite konfime leta a ap asiste moun ki rive viktim yo. Yon ti moun t ap voyaje nan bis la tou epi manman l pati moun ki mouri yo nan aksidan an. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Kethia Saint Marc
Par Kethia Saint Marc Rédactrice
Follow:
Journaliste rédactrice, institutrice, maîtresse de cérémonie, diplômée en informatique ,passionnée de la présentation ainsi que l'animation.