Lapolis dominikèn arete yon sitwayen dominiken ki t ap transpòte 13 Ayisyen ilegal nan yon machin

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
lapolis dominikèn arete yon sitwayen dominiken ki t ap transpòte 13 ayisyen ilegal nan yon machin (1)

Direksyon jeneral migrasyon an (DGM) rapòte ajan li yo, akonpaye ak militè ki pati Fòs entèvansyon konjwen an, mete anba kòd yon kondiktè Jeep ki te kache 13 rèsotisan ayisyen abò machin li, tout te san papye. Yo arete yo pa lwen yon pòs kontwòl ransèyman nan Los Pilones Azua.

 

Daprè yon kominike près, yo rive arestasyon sila aprè yo te fin entèsepte Jeep Grand Cherokee Laredo koulè blanch lan, ki sou non dominiken Esterlín Ramírez epi konpatriyòt li Carlos Manuel Matos Alcántara t ap kondwi. Anndan machin nan, ki gen plak G459858, te genyen 13 Ayisyen san papye ki kache. 

 

“Yo pa t gen okenn dokiman ki akredite yo kòm etranje an Repiblik dominikèn”, se sa DGM presize. 

 

Li esplike yo voye san papye yo nan yon sant dakèy ak detansyon nan Haina nan lide pou yo sibi pwosedi ki koresponn ak ka yo a epi pou yo rapatriye yo lakay yo. Kanta nonm ki t ap kondwi machin nan, li an detansyon jiskaske lajistis ba l sanksyon li merite pou trèt ak trafik imigran san papye. 

 

Direksyon jeneral migrasyon an di l pa p tolere sou pyès fòm pou gen etranje ki nan sitiyasyon ki pa regilye sou teritwa li a, kenpòt peyi yo ta sòti a l ap arete yo e voye yo lakay yo.

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.