Daprè Komisyon meksikèn k ap ede refijye yo (COMAR), genyen anviwon 14 000 Ayisyen ki deja fè demann azil nan peyi Meksik sòti janvye pou rive mas 2023. Nan tout rejyon an, Ayiti se peyi ki bay plis moun k ap mande azil.
Daprè done COMAR yo, genyen pou premye trimès ane 2023 a yon total 13 631 ayisyen ki fè demann estati refijye nan peyi Meksik. Yon chif ki konnen yon ogmantasyon konsiderab konpare ak tout ane 2022 an ki te genyen sèlman 13 631 demann.
Andres Ramirez ki se chèf Komisyon meksikèn k ap ede refijye yo fè konnen si tandans lan rete konsa peyi Meksik ap fini ane 2023 ak yon rekò k ap depase 52 000 demann azil ki te anrejistre pandan ane 2021 an.
N ap raple, nan menm moman sa, genyen peyi Etazini ki mete sou pye yon pwogram imanitè nan kesyon migrasyon pou fasilite sitwayen divès peyi nan rejyon an, pami yo Ayiti, rantre sou teritwa ameriken an ak yon estati legal.