Senatè Don K-to trete prezidan Louis Abinader soumoun, akòz sanksyon yo

Witson Beaujour
Par Witson Beaujour  - Rédacteur
senatè don k to trete prezidan louis abinader soumoun, akòz sanksyon yo

Senatè Antonio Cheramy ki t ap pale nan jounal radyo Caraïbe maten madi 18 avril 2023 a fache kou kong aprè sanksyon prezidan Louis Abinader ta pran kont li poul pa pile tè yo a, li plede mizerikòd li pa gen dwèt li tranpe nan okenn zak malonèt gouvènman Repiblik Dominikèn site non l lan.

Prezidan Repiblik Dominikèn nan Louis Abinader ki vle montre konpreyansyon l sou sitiyasyon aktyèl peyi a, pwosede yon seri sanksyon kont divès ansyen epi aktyèl otorite nan peyi Dayiti pou entèdi yo rantre nan peyi vwazen epi menm entèdi yo pase nan peyi a. Pami sanksyon yo ki figire nan lis sa ki gen plis pase 30 pèsonalite, genyen non ansyen Senatè Lwès la Antonio Cheramy anpil moun konnen sou non atis li Don K-to.

Nan jounal maten radyo Caraïbe la, li te fè pase fristrasyon l kòm envite telefonik, Antonio Cheramy trete Prezidan Abinader « soumoun » akòz li ta pran seri sanksyon sa yo,  » Li pa yon sekrè pou pyès moun Abinader se yon biznisman » deklare senatè a « se paske Abinader soumoun, sa k ap pase an Ayiti pa ka regade misye » te kontinye senatè Don K-to pandan li fè konnen li pa pile tèritwa Louis Abinader la depi plis pase 15 lane.

Sanksyone a nan deklarasyon l yo plede kou rena li pa genyen pyès relasyon ak gang ni fwotman politik ak chimè, li te sèlman yon opozan rejim PHTK, li boude paske jounal dominiken an Listin diario pibliye foto kote li t ap manifeste pou mande demisyon ansyen prezidan Jovenel Moïse, pou ilistre yon atik. « Konstitisyon peyi m banm dwa poum manieste » te deklare senatè Antonio Cheramy.

Sanksyon yo gen rezon valab yo

Se prèske tout peyi ki pataje relasyon ak Ayiti yo ki preyokipe de sitiyasyon malouk Ayiti ap viv jodi a, divès ladan yo tankou Kanada, Etazini, Sendomeng pwosede ak yon dividal sanksyon pou anpeche akize yo kite peyi a, nan lide pou fasilite ankèt yo rive nan bout yo.

Dènye a pibliye yon lis ki genyen plis pase 30 pèsonalite ki genyen dwèt yo tranpe byen fon nan ; alimante gang an Ayiti, gagote lajan kèk leta a pou granmèsi ak pouvwa yo te genyen, enplikasyon yo nan konplote pou te desann ansyen prezidan Jovenel Moïse, patisipasyon yo nan kriz ensekirite devastatè aktyèl la elatriye…

Lis moun gouvènman Abinader la pibliye a

(1) Youri Latortue (ansyen Senatè); Sanksyon anba men USA ak Kanada

(2) Gracia Delva (ansyen Senatè)

(3) Liszt Quitel (ansyen Minis Jistis enterimè); Sanksyon anba men Kanada

(4) Rodolphe Jaar (biznisman ayisyen nan peyi chili); Enplike nan asasina Prezidan Moïse – nan men jistis Ameriken

(5) Bredy Charlot (aktyèl Minis Agrikilti, Resous Natirèl ak Devlopman Dirab)

(6) Kesner Normil (ajan a.i. majistra Petyonvil);

(7) Evans Paul (ansyen Premye Minis)

(8) Assad Volcy (aktivis politik ak jounalis); Visa USA anile

(9) Jean Tholbert Alexis (ansyen Anbasadè Ayiti nan Repiblik Dominikèn epi ansyen Prezidan Chanm Depite a)

(10) Victor Prophane (ansyen Depite);

(11) Laurent Salvador Lamothe (ansyen Premye Minis); Sanksyone anba men Kanada

(12) Richard Lenine Hervé Fourcand (ansyen Senatè); Sanksyone anba men Kanada

(13) Ronny Celestin (ansyen Senatè); Sanksyone anba men Kanada ak USA

(14) Gary Bodeau: (ansyen Depite ak ansyen Prezidan Chanm Ba a) Kanada te sanksyone

(15) Pierre Espérance (Direktè Egzekitif Rezo Nasyonal pou Defans Dwa Moun – RNDDH);

(16) Charles Saint-Rémy alyas « Kiko » (bòfrè ansyen prezidan Michel Martelly); Sanksyon anba men Kanada

(17) Sherif Abdallah (youn nan biznisman ki pi pwisan an Ayiti); Sanksyon anba men Kanada

(18) Arnel Belizaire (ansyen Depite); Sanksyone anba men Kanada

(19) Salim Succar (avoka); Sanksyone anba men Kanada

(20) Reynold Deeb (youn nan biznisman ki pi pwisan an Ayiti); Sanksyone pa Kanada

(21) Nénel Cassy (ansyen Senatè)

(22) Berto Dorcé (ansyen Minis Jistis)

(23) Antonio Cheramy alyas “Don Kato” (ansyen Senatè)

(24) Steve Khawly (antreprenè agribiznis)

(25) Pè Frantz Cole (ansyen sekretè egzekitif Legliz Episkopal Ayiti a; arete epi akize nan trafik zam

(26) Pè Jean Mardoché Vil (ansyen Prezidan pèmanan Legliz Episkopal la); y ap chèche pou trafik zam ak minisyon

(27) Fritz Désiré (Direktè Kolèj Saint-Pierre ak ansyen Prezidan Komite Pèmanan Legliz Episkopal Ayiti ; Trafikè zam

(28) Jounen Dieuné

(29) Romel Bell (ansyen Direktè Jeneral Administrasyon Jeneral Ladwàn) Akize nan blanchi lajan, finansman teworis) te sanksyone anba men Etazini

(30) Wakin Pierre (Enspektè Lapolis Divizyon); arete pou trafik minisyon

(31) Jhonson André alyas « Izo » (Lidè gang « 5 segond »); PNH ap chèche pou: asasina, kidnapin pou ranson, posesyon zam ilegal, vòlè kamyon machandiz ak asosyasyon kriminèl

(32) Emanuel Salomon alyas « Mano » FBI ap chèche pou konplo ak pran otaj

(33) Joselito Petit-Homme alyas “Ti Makak”

(34) Carlo Petit-Homme alyas “Ti Makak” (lidè gang)

(35) Elan Luckson aka “jeneral Luckson Lidè gang “Baz Gran Grif” Savyen

(36) Jermaine Stephenson alyas « Gaspiyay » (seyè lidè gang « 400 Mawozo »)

(37) Albert Stevenson alyas « Djourna » (Chef Gang blòk Simon Pele- Site Solèy)

(38) Julmé Ernst alyas “Jeneral Ti Greg” (ansyen polisye ak chèf gang)

(39) Woodlcy Ethéart alyas “Sonson La Familia”. Yo te arete epi yo te akize l nan asasinay, trafik ilegal dwòg ak blanchiman lajan.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.