Anviwon 96,000 moun kouri kite kapital la akoz ensekirite

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
anviwon 96,000 moun kouri kite kapital la akoz ensekirite
Gen gwo ogmantasyon nan kantite moun k ap kouri kite kay yo nan zòn metwopolitèn lan sou senk dènye mwa yo. Daprè OIM gen 96,000 moun ki deplase akoz vyolans gang nan divès katye nan kapital la.
Nan yon rapò Òganizasyon entènasyonal migrasyon (OIM) pibliye semèn sa sou deplase yo nan peyi a, genyen sòti mwa jen pou rive mwa dawout 2022 plis pase 113 mil moun ki kouri kite kay yo akoz fenomèn ensekirite an kote 96,000 nan yo sòti nan rejyon metwopolitèn lan.
Matisan, Kwadèboukè, Site Solèy, se pami kèk pami zòn wouj nan rejyon metwopolitèn lan kote chak jou ki pase abitan nan zòn sa yo ap kite kay yo akoz afwontman gwoup ame. Daprè OIM, vyolans gwoup ame sa yo nan kapital la vin rann lavi popilasyon zòn sa yo pi konplike.
Rapò sa pwodui atravè matris k ap swiv deplasman yo nan OIM nan tèt kole avèk Direksyon jeneral defans sivil an Ayiti. Evalyasyon sa ki fèt sou deplasman yo k ap fèt nan divès zòn sou teritwa a montre yon ogmantasyon nan kantite moun k ap kite kay yo dènye mwa sa yo.
Ulrika Richardson, kwòdonatris rezidan Nasyonzini an Ayiti, fè konnen gen de milye moun gwoup ame yo fòse kite kay yo pou al refijye lwen nan lòt zòn, avan l ajoute Nasyonzini ap travay di, nan tèt kole ak patnè imanitè l yo, gouvènman an, nan lide pou ede fanmi yo fè fas ak sitiyasyon sa.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.