Yon fransè fache pou jan Martinez ap trip sou Mbappé aprè mondyal la 

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
yon fransè fache pou jan martinez ap trip sou mbappé aprè mondyal la 

Ajantin chanpyon Mondyal 2022 a nan peyi Kata men polemik yo ak ti chire pit ant jwè yo pa sispann. Jodi jedi a, se sou antèn RMC Sport, Mourad Boudjellal, ki se yon antreprenè nan peyi Lafrans montre jan l fache pou jan gadyen ajanten an Martinez ap trip sou Mbappé, li kwè FIFA ta dwe sankysone misye.  

Yon final istorik kote Ajantin rive pran koup la fas Lafrans nan tire penal nan kan aprè match la te fini (3-3), kote Mbappé  te fè 3 gòl. Aprè match la anpil ajanten te pase Mbappé nan betiz pou yon deklarasyon li te fè sou ekip amerik yo. Gadyen Aston Villa, kontinye fawouche Mbappé ak yon ti pope li kenbe nan nen l, yon konpòtman Mourad Boudjellal pa renmen ditou.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

 » Nou pa gen pwoblem ak Ajenten yo men nou gen pwoblèm ak yon enbesil.  Paske l se Ajanten, se yon ti detay. M te gen yon valè jwè nan rubi a, yo respekte moun. Lè Martinez ap trip sou Mbappé konsa, se pa Mbappé l ap fawouche, men se Lafrans, paske Mbappé se Lafrans li reprezante. » 

Antrepenè a kise ansyen prezidan RCT, ale pi lwen pou l mande FIFA pou l di yon mo nan dosye sa:  

« se yon move imaj, se pou tèt sa FIFA dwe di yon mo nan bagay sa. FIFA dwe mete enbesil sa fas ak responsabilite l epi fas ak sa li reprezante pou jèn yo kòm chanpyon Mondyal. Si m te Mbappé  m ta pral kote dirijan Aston Villa yo, pou m di yo m ap vin jwe gratis pou yo, pou yo ka revoke kreten sa. Paske Emiliano Martinez ap trip sou yon jwè li pa menm gen yon ti kal nan talan l. Avan w trip sou Mbappé esaye wè siw w te ka gen yon ti nivo nan sa Mbappé genyen an ». Se sa dirijan Hyères Football Club la deklare nan miwo RMC Sport.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive