Aprè Balenciaga, Adidas anonse yo mete yon fen nan kolaborasyon yo ak Kanye West 

Witson Beaujour
Par Witson Beaujour  - Rédacteur
aprè balenciaga, adidas anonse yo mete yon fen nan kolaborasyon yo ak kanye west 

Aprè konpayi Balenciaga a te fi n tounen do li bay chantè ameriken an Kanye West, pou konpòtman sinik li panda dènye tan sa yo, Adidas kòm youn nan pantenè li te blije reyaji tou. Mak rad ki pi popilè a ki genyen plizyè nan fondatè li yo ki  te manm Pati Nazi a, anonse jodi Madi 25 oktòb  la, li sispann kolaborasyon li ak rapè Ameriken an anpil moun konnen sou non Ye. 

« Aprè anpil konsiderasyon ak anpil atansyon, konpayi an te pran desizyon pou  mete yon  fen imedya nan patenarya li ak Ye, »  te ekri Adidas nan yon korespondans. « Adidas pa tolere pwopagann, difamasyon oswa nenpòt lòt fòm diskou rayiman, » li te ajoute. Gwoup Alman an te anonse tou li pap fabrike mak Yeezy rapè a ankò nan koleksyon l yo.  

Adidas pwofite raple tou  »li se sèl pwopriyetè epi se li menm ki gen tout dwa ak  konsepsyon pwodwi ki egziste deja anba patenarya a », pandan li anonse yon pwosesis  legal posib k ap vini. Gwoup la pral tou « sispann tout pèman  Ye,  ak konpayi li yo ». Yon desizyon ki pral gen yon enpak negatif k ap evalye ak yon montan 250 milyon ewo sou rezilta nèt konpayi a pandan fen ane 2022 sa a. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.