Timothy Weah se premye bitè nan match ki opoze Etazini ak Peyi de Gal la, 21 Novanm nan, pou dezyèm match nan gwoup B a. Li se pitit ansyen Balon dò a, Georges Weah.
Si yo toujou di pitit la dwe depase papa a, sa mache pou Tim ak Georges Weah. Georges Weah pa t janm gen chans jwe Koup Di Mond, se pou Liberya li te konn jwe. Tim li menm non sèlman jwe l e make gòl depi nan premye match li.
Nou t ap jwe 36è minit nan match Etazini ak Peyi de Gal la, lè Ameriken yo louvri eskò a gras ak Timothy Weah. Atakan an se reprann balon an fas pou fas ak gadyen an aprè yon bèl travay epi yon bon sèvis Christian Pulisic te fè.
Jwè Lille OSC a make 2 gòl nan 4 dènye match li jwe sou koulè « Stars and Stripes » yo. Avan sa, li te make menm kantite gòl la pou 22 match li te jwe ak seleksyon Amerikèn nan. Se premye jwè ki bay Peyi de Gal gòl nan Mondyal depi Pelé nan lane 1958.
Se vre Georges Weah, Balon dò lane 1995 lan, pa t gen chans goute sa k rele Koup Di Mond lan, men li ka fyè de pitit li ki rive enskri non l nan tablo bitè pi gwo konpetisyon ki egziste nan mond foutbòl.