Arestasyon 3 gwo responsab ministè edikasyon nasyonal nan Gonayiv pou koripsyon

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
arestasyon twa gwo responsab ministè edikasyon nasyonal nan gonayiv pou koripsyon
Didier Pierre, Jacky Charles ak Carlo Pierre, se non 3 gwo responsab nan Direksyon depatmantal levasyon nan Latibonit ki rive jwenn arestasyon yo madi 29 novanm 2022 an pou enplikasyon prezime yo nan divès zak koripsyon.
Twa gwo responsab sa yo ta enplike nan bay fich ak elèv ki pa kalifye al konpoze pandan dènye egzamen ofisyèl yo. Twa kad Direksyon depatmantal edikasyon Latibonit sa yo twouve yo depi madi 29 novanm lan dèyè bawo.
Didier Pierre, direktè depatmantal adjwen; Carlo Pierre, kowòdonatè Biwo egzamen Leta nan rejyon an; Jacky Charles ki responsab enfòmatik nan Direksyon depatmantal edikasyon Latibonit lan, se twa pèsonalite sa yo ki jwenn arestasyon yo nan kad dosye sa a.
Twa responsab Ministè edikasyon nasyonal sa yo parèt devan jij ayè mèkredi 30 novanm lan pou reponn kesyon sou akizasyon sa yo. Jij Thelot Guymi ki gen dosye sa a, bay lòd pou retounen yo nan prizon aprè l te fin tande yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.