Arestasyon yon responsab ponp nan vil Okay k ap vann gaz nan mache nwa

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
arestasyon yon responsab ponp nan vil okay k ap vann gaz nan mache nwa
Mirvil Toussaint ki se pwopriyetè yon estasyon sèvis nan lokalite Dolin, nan vil Okay, jwenn arestasyon l nan lannwit madi pou rantre mèkredi 16 novanm 2022 a akoz li t ap vann gaz la nan fason ilegal.
Komisè gouvènman Okay la, Mèt Ronald Richemont konfime arestasyon responsab estasyon sèvis sa, Mirvil Toussaint, ki akize kòmkwa li ta nan revann gaz sa ki sipoze disponib nan ponp yo men ki ap vann de preferans sou mache nwa.
Nan kad operasyon Pakè nan Okay mennen nan dat 15 pou rive 16 novanm lan, otorite yo sezi yon kamyon sitèn ki gen ladan l 7 500 galon dyezèl daprè chèf pakè nan jiridiksyon sa.
Malgre liberasyon Tèminal Varreux depi semèn ki sot pase a ak distribisyon gaz la ki reprann nan menm entèval la, anpil nan vil pwovens yo kontinye ap achte gaz la byen chè akoz kamyon chaje yo gen gwo difikilte pou kite zòn metwopolitèn lan.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.