Ayiti-Aktyalite: 14 entèpelasyon, plizyè blese, zewo mò, pou 3 jou gra yo nan vil podepè

Steven Aristil
ParSteven Aristil
CP: Amazan Charly / Ticket Magazine

Pòt pawòl lapolis nasyonal dayiti a ( PNH ), Gary Desrosiers, prezante bilan pasyèl pou 3 jou kanaval nasyonal la, ki t ap dewoule nan vil podepè, nan yon konferans pou laprès li te bay Jodi vandredi 19 fevriye 2021 an.

14 entèpelasyon fèt pami yo, Jonel Kenel, pou detansyon zam,yo resanse plizyè blese lejè pandan 3 jou kanaval la, e pa gen okenn moun ki mouri, selon pòt pawòl PNH la Gary Desrosiers. Pou l te fini ak bilan kanaval la, pòt pawòl lapolis la fè konnen, yo te deplwaye 1500 polisye nan vil podepè pou te sekirize kanaval la, e yo te pran plizyè mezi pou te garanti yon bon dewoulman 3 jou gra yo pandan li te tou pwofite felisite moun podepè pou konpòtman yo tou.

- Advertisement -
Ad imageAd image

NAK-MEDIA

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article