Pi fò kantite moun ki nan grangou nan rejyon Karayib la twouve yo nan peyi d Ayiti, daprè sa yon rapò Òganizasyon Nasyonzini pou Alimantasyon ak Agrikilti (FAO) fè konnen sou sitiyasyon an.
Ant 2019 ak 2021 nan peyi d Ayiti, prèske mwatye popilasyon an, swa 47,2% ki reprezante 5,4 milyon Ayisyen, t ap mal manje, daprè enfòmasyon FAO detaye nan rapò “Apèsi rejyonal sou sekirite alimantè ak nitrisyonèl : pou yon pi bon aksè finansye nan rejim alimantasyon ki an sante yo”.
Rapò sila, Fon entènasyonal devlopman agrikòl, Òganizasyon Save The Children’s Fund, Pwogram Alimantè Mondyal (PAM) ak Òganizasyon Panamerikèn Sante (OPS), travay sou li tou.
Rapò a endike yon ekzamen sou kijan grangou an ye nan peyi ki nan rejyon an. Li montre kijan grangou an bon jan ogmante Venezyela ak 18,4 pwen pousantaj ; swa 5 milyon moun k ap soufri grangou depi peryòd 2013-2015 ak 2019-2021.
Konsa tou li souliyen tou pandan peryòd sila, grangou an ogmante ak 6,7 pwen pousantaj an Ekwatè (1,3 milyon moun), 4,6 pwen pousantaj pou Ayiti (900 000 moun) epi 1,5 pwen pousantaj pou Brezil (ak 3,4 milyon moun anplis).
Nan peyi d Ayiti, pi fò popilasyon an, swa 82,5%, t ap soufri ant 2019-2021 anba ensekirite alimantè modere oubyen ki sevè, daprè detay òganizasyon entènasyonal sila yo bay.
N ap raple, kriz peyi a ap travèse depi kèk tan, sitou depi lane 2021 lakòz pi fò popilasyon an ap viv nan povrete ekstrèm, anplis lòt pwoblèm. Daprè FAO, Ayiti afiche to povrete ki pi wo nan rejyon an, sa ki lakòz 86% nan popilasyon an prèske pa gen aksè ak yon alimantasyon ki sen.