Mbappé kontinye make pwen ak Paris Saint-Germain 

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
mbappé kontinye make pwen ak paris saint germain 

Paris Saint-Germain kraze Pays de Cassel nan sèzyèm final Coupe de France la (7-0). Kylian Mbappé konfime bon fòm li genyen an pandan l enskri premye kentiple pou yon jwè PSG nan match ofisyèl. 

Se te premye fwa Kylian Mbappé t ap pote brasa kapitèn ekip PSG a depi lè l nan klèb la. Atakan Fransè a pa kite okazyon sa pase pou l rann match la memorab avèk 5 gòl li fè ki pèmèt li rapwoche l de plizyè rekò. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Se premye fwa nan tout istwa PSG yon jwè fè 5 gòl nan yon sèl match pou li. Avèk bèl pèfòmans sa, Kylian egale Jean Pierre Papin kòm pi bon bitè nan istwa Coupe de France la. Ansyen Balon dò a te fè 29 gòl nan konpetisyon an. 

Mbappé pa manke twòp gòl pou l vini pi bon bitè ekip PSG a nan tout istwa l. Jiskaprezan se Edinson Cavani ki make plis gòl pou klèb kapital peyi Lafrans lan. Matador la te fè 200 nan 301 match li jwe ak klèb. Ak 4 gòl ankò, Kyks ap bon.  

Kylian Mbappé deja yon gwo lejand pou Paris Saint-Germain. Chak pa li fè rapwoche l de yon rekò. Sezon sa menm, jwè 24 lane a ap mete atè anpil gwo rekò. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.