Gouvènman Taywann lan ap ofri bous etid ak etidyan Ayisyen

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
bandi ak zam kidnape ansyen minis edikasyon nasyonal la, pierre buteau, granm maten jodi madi 24 janvye 2023, nan thomassin.
Ministè ayisyen afè etranje an fè konnen nan yon avi li mete deyò nan dat 19 janvye ki sot pase a gen plizyè bous etid gouvènman peyi Taywann lan mete disponib pou etidyan ki te vle al kontinye etid yo.
Nan kad pwogram « MOFA Taïwan Scholarship Program 2023 » a, Repiblik Chin Taywann mete a dispozisyon etidyan lisansye Ayisyen ki poko gen 30 lane posiblite pou al rapouswiv etid yo nan nivo metriz pou ane akademik 2023-2024 lan.
Daprè Ministè ayisyen afè etranje an, seleksyon etidyan k ap gen pou benefisye pwogram bous etid sa ap sòti nan yon konkou ki prevwa òganize vandredi 10 fevriye k ap vini la.
Entèrese yo dwe gen kòm dokiman yon paspò valid, mwayèn 75/100 nan etid inivèsitè nivo lisans, diplòm ak relve nòt legalize kote yo gen jiska vandredi 3 fevriye pou depoze yo nan lokal ministè a ki nan Dèlma 60, Miso.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.