Nan okazyon selebrasyon 219èm ane endepandans peyi Dayiti, Jean Jean Roosevelt anonse sòti yon nouvo albòm pou dimanch premye janvye k ap vini an k ap gen kòm tit «Ayiti».
Pa gen pi bon moman pou sòti yon albòm ak yon tit parèy. Sou rezo sosyal yo, Jean Jean Roosevelt konfime sòti pwochen albòm li «Ayiti» k ap disponib apati dimanch premye janvye 2023.
Yon albòm k ap rive nan yon moman kote an Ayiti pratikman anyen pa p mache. Nan karyè mizik li, Jean Jean Roosevelt konsakre anpil tan nan chante reyalite peyi an ki pa sispann degrade jou aprè jou. «Ayiti», yon pwojè sitwayen pou atis la.
Jean Jean Roosevelt ki sòti nan vil Jeremi, fè pati atis ayisyen ki make jenerasyon 2000 lan. Sòti nan «Balade Max», mizik li te fè pou konkou trè popilè nan kòmansman ane 2000 yo, Miss Video max, pase nan « Levez vous », pou reveye konsyans sitwayen yo, Jean Jean Roosevelt genyen yon repètwa vrèman rich.
Lanmou, ekite fanm ak gason, sitwayènte, solidarite, jistis sosyal, se kèk pami tèm atis la ki gen 39 lane jeneralman chante nan mizik li yo. «Ayiti», nouvo albòm sa pa ta dwe diferan de sa avan yo.
N ap mansyone, nan karyè atistik Jean Jean Roosevelt, li reprezante Ayiti a plizyè repriz sou plan entènasyonal kote li ranpòte plizyè distenksyon tankou pri TV5 Monde nan lane 2013.