Bandi ak zam paralize sikilasyon an soti Taba 60 pou rive Pènye

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
bandi ak zam paralize sikilasyon an soti taba 60 pou rive pènye

Depi anviwon 8è nan maten jodi lendi 26 jen 2023 , bandi ak gwo zam fann fwa paralize tout trafik ak aktivite nan zòn Taba 60 pou rive Pènye dapre plizyè sous ak temwyaj abitan katye sa yo.

Moun pa ka soti, menm ti machann bò wout yo pa ka defann penitans yo. Plizyè rafal katouch t ap chante sa ki lakoz Abitan yo pè soti paske lavi yo menase . Nan sans sa abitan zòn sa yo mande sekou Leta ak fòs PNH la, pou ede yo konbat endividi ame sa yo ki anpeche divès zòn nan komin Petyonvil tankou Wout Frè, gran wout yo, Nan Tinèl, Kagwo, Boulva 15 oktòb, epi yon gwo pati nan zòn Pènye, elatriye fonksyone nòmalman.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Jiska moman redaksyon atik sa a, tansyon an poko amelyore. Aktivite yo toujou poko reprann, popilasyon an kontinye ap mande sekou lapolis pou ede yo fè fas paske lavi yo an danje.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.