Plizyè ayisyen ki t al etidye Kiba mande Leta sekou

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
plizyè ayisyen ki t al etidye kiba mande leta sekou

Yon senkantèn jenn gason ak jenn fi ki te jwenn bous pou t al etidye Kiba mande Leta ayisyen pou pote yo sekou akòz y ap fè fas ak gwo difikilte pou reponn ak bezwen yo, fot lajan.

Nan yon korespondans, etidyan sila yo fè konnen yo pa resevwa pyès kout men pa bò kote Leta ayisyen depi 24 mwa alòske yo te fè yo pwomès yo t ap jwenn yon alokasyon chak mwa. Yo denonse silans dirijan yo pa rapò ak sitiyasyon sila.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Chak jou ki pase, kondisyon vi Ayisyen sila yo nan peyi Kiba ap deteryore. Yo gen anpil difikilte pou reponn ak bezwen yo tankou pèyman lwaye, manje ak kèk lòt pwodwi premye nesesite.

Anplis sa, genyen anpil nan etidyan ki jwenn bous yo malgre yo fin fè etid la yo toujou rete bloke sou teritwa kiben an akòz yo pa gen lajan pou yo antre lakay yo an Ayiti. Depi plis pase 5 mwa, yo toujou Kiba nan lespwa ya va tounen lakay yon jou, alòske yo depase peryòd 30 jou sejou yo bay yo a.

N ap raple Leta ayisyen pa janm pran okenn mezi pou reponn ak bezwen bousye yo, ki deja lanse plizyè alèt bay Ministè Afè Etranjè, Ministè Planifikasyon ak Koperasyon Ekstèn, Ministè Ekonomi ak Finans ak Anbasad Ayiti nan peyi Kiba, malerezman anyen pa janm fèt.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.