Bandi yo panike, yo itilize gwo estrateji pou kontrekare mouvman Bwa Kale a

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
bandi yo panike, yo itilize gwo estrateji pou kontrekare mouvman bwa kale a

Akòz mouvman “Bwa Kale” a, ka kidnapin yo diminye anpil sou teritwa nasyonal la. Pou kontrekare mouvman sa pèp la lanse depi 24 avril 2023 a, nan zòn Kanapevè, bandi yo ap eseye devlope nouvo estrateji pou kanpe tout entansyon popilasyon an, daprè sa òganizasyon dwa moun “Platfòm Nasyonal pou Pwogrè Dwa Moun” anonse nan yon nòt yo te adrese.

Direktè egzekitif estrikti sa montre kòm prèv, kidnapin sou ansyen jounalis Marie Lucie Bonhomme lan ki te fèt nan zòn Taba, atak kont rezidans prezidan pati “Réveil d’Haiti” a, pastè Maurice Lapierre, ak ansyen senatè Carl Murat Cantave la, mete sou plizyè lòt ka menm jan an ki anrejistre nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Aktivis dwa moun lan, Jackson Pierre Noël, kontinye pou denonse pasivite ekip ki sou pouvwa a devan fenomèn ensekirite a. Li mande ak popilasyon an pou yo rapouswiv mobilizasyon yo pou defann tèt yo kòmsadwa kont bandi san fwa ni lwa yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.