Mete sou pwoblèm ensekirite a k ap ravaje popilasyon Ayisyen an depi kèk lane, pandan dènye tan sa yo aksè ak enèji elektrik la rete youn nan gwo pwoblèm pou Ayisyen. Vrèman vre, EDH ki se yon entitisyon leta ki gen pou misyon bay popilasyon Ayisyen an kouran pa rive ranpli misyon sa jan sa ta dwe fèt.
Si se pou EDH ki se yon entitisyon leta ki tabli pou bay kouran, gen kouran 24 sou 24, 7 jou sou 7 pa t ap janm egziste pou anpil Ayisyen. Depi lane 2023 a antre, anpil zòn nan kapital la konn fè plis pase 10 jou san yo pa wè ak je kouran EDH, yon sitiyasyon ki lakòz anpil moun peye pou chaje telefòn, radyo, lanp elatriye.
« Depi plis pase 12 jou mwen pa janm wè sak rele kouran EDH ak je m, pou m chaje telefòn mwen, mwen oblije peye 35 goud chak jou, si se bakòp mwen bay 75 goud, yon fason pou m kapab jwenn mwayen pou m kominike ak lòt moun, epi regle afè lekòl mwen« , te eksplike John, yon jèn ki abite nan zòn Pierre Sully nan komin Petyonvil, tout pandan li kontinye pou li fè konnen » menm rad pou m al lekòl, mwen paka pase, se pa tout lè mwen jwenn 150 goud pou m al bay yon chemiz oswa yon mayo nan près ».
Nan sans sa a, Jonh di konpayi an pa kapab founi elektrisite ni nan kapital la ni nan rès peyi a, malgre pwomès yo te fè nan lane ki sot pase a, kote yo te di enstitisyon an pral travay pou bay popilasyon Ayisyen oswa kliyan li yo 10 èdtan kouran chak jou.
« Men jodi a, prèske pa gen anyen ki chanje, okontrè, blakawout la vin pi rèd« , te konkli Jonh nan yon entèvyou tou kout ak yon jounalis Netalkole Media.
Li enpòtan pou nou raple, anpil zòn nan peyi a nan fè nwa. Pèsonn pa epanye, tout moun konsène, menm katye yo rele katye moun kòb yo ap fè fas ak ratman kouran EDH la, espesyalman komin Petyonvil.
Nan yon nòt pou laprès EDH te poste nan fen mwa janvye a sou kont Twitter li, Elektrisite d Ayiti (EDH), te fè popilasyon ayisyen an konnen sa ki lakòz bès distribisyon kouran elektrik nan zòn metwopolitèn nan.
Nan nòt sa a, enstitisyon an enfòme abòne li yo de chanjman enpòtan nan pwogram distribisyon elektrisite yo, EDH te fè konnen chanjman sa yo te fèt akòz yon bès nan pwodiksyon l.
Facebook Comments