Yon imilyasyon pou Liverpool nan Anfield lan fas Real Madrid

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
yon imilyasyon pou liverpool nan anfield lan fas real madrid
Pou uityèm definal ale Lig dè chanpyon an, Real Madrid korije ekip Liverpool lan nan Anfield lan (5-2), jodi madi a, avèk yon gwo Vinicius ki te sou tout bon kou yo pou Casa blanca yo.
Nan yon match kou pou kou, Real Madrid kraze Reds yo nan premye match uityèm definal yo gras ak yon kokennchenn Vinicius Jr, ansanm ak Karim Benzema ki fè de gòl yo chak nan laj viktwa 5 gòl a 2 sa yo fè nan Anfield lan.
Chanpyon ewòp yo ki te nan gwo difikilte nan kòmansman match la, ranvèse jodi madi a ekip Liverpool la ki t ap mennen 2-0 sou yo nan 15 premye minit yo. Madrilèn yo finalman genyen 5-2 avèk sitou 3 gòl nan dezyèm mitan an.
Real Madrid ki te deja genyen kont Liverpool sezon pase a (1-0) pou te ranpòte 14èm tit Lig dè Chanpyon nan istwa l, genyen Reds yo yon lòt fwa ankò pou pran yon serye opsyon pou rès konpetisyon an.
Real Madrid ap gen pou resevwa nan twa semèn ankò, menm ekip Liverpool sa, nan Santiago Bernabeu an, ki pral gen obligasyon pou genyen ak yon eskò ki siperyè oubyen egal ak 3 gòl diferans pou kapab valide yon plas pou kadefinal.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.