Boston genyen Warriors yo aprè pwolongasyon 

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
boston genyen warriors yo aprè pwolongasyon 

Nan lannwit jedi a, Boston rive mete do Warriors yo atè aprè pwolongasyon (121-118). Nan match sa Jayson Tatum make 34 pwen ak 19 rebon, yon lòt bò Stephen Curry make 29 pwen. Franchiz Massachusetts la genyen remake final ane pase a epi pran revanch li.  

Boston  bat Warriors yo nan remake final ane pase a nan pwologasyon (121-118). Se yon rankont ki te gen anpil enpòtans, ki te reponn ak atant fanatik NBA yo. Jayson Tatum ak Stephen Curry te montre talan yo ak entèlijans yo nan match sa. Jayson Tatum  make 34 pwen pou Boston epi Stephen Curry fè 29 pwen pou Warriors yo. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Afich ant Pistons ak Bulls yo ki t ap fè Paris te anonse pi eksitan, men rankont Boston fas Warriors la te bay plis anvi ak emosyon paske se te remake dènye final NBA  a. Se yon bèl revanch pou koyekipye  Jayson Tatum yo.  

Aprè rankont lan  Al Horford ki fè 20 pwen, 10 rebon fè konnen: 

« Wi se te yon gwo match, m te vle nou genyen, m te vrman vle nou genyen match sa. Se sezon regilye, se jis yon match. Men se yon match enpòtan. » 

Ekip Steve Kerr a ki pa bay gwo pèfòmans  lè li an deplasman te tonbe fas ak ekip ki pi fò nan NBA a pou sezon sa. Warriors yo pèdi match chòk sa, men 4 jwè te rive make plis pase 20 pwen nan rankont sa pou franchiz la :  Stephen Curry (29), Jordan Poole (24) epi Klay Thompson ak Andrew Wiggins make 20 pwen.  

Men kijan lòt rankont yo fini 

Chicago – Detroit : 126-108 

Celtics – Warriors : 121-118 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Timberwolves – Raptors : 128-126 

Trail Blazers – Sixers : 95-105 

Suns – Nets : 117-112 

- Advertisement -
Ad imageAd image

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive