Konpayi telefòn mobil Digicel lanse depi lendi 16 janvye ki sot pase a yon pwomosyon espesyal ki gen ladan l 100 motosiklèt k ap bay ak kliyan li yo pandan 100 jou daprè kominikasyon ki fèt sou divès platfòm rezo sosyal yo.
Pandan yon peryòd 100 jou ki kòmanse apati 16 janvye 2023 a, kliyan Digicel yo gen posiblite sòti ak yon motosiklèt nan tiraj konpayi a ap fè nan chak jounen sa yo pandan dire pwomosyon sa.
Twazyèm ganyan pwomosyon 100 MOTO 100 JOU a👏🏿👏🏿Felisitasyon🎉🎉🎉👏🏿👏🏿Kontinye konpoze *500#SEND pou w ka jwenn chans genyen moto pa w la. #𝟏𝟎𝟎𝐌𝐎𝐓𝐎𝟏𝟎𝟎𝐉𝐎𝐔 #𝟏𝟎𝟎🏍️ #𝟏𝟎𝟎 🗓️ #𝐍𝐚𝐩𝐓𝐨𝐮𝐣𝐨𝐮𝐁𝐚𝐰𝐏𝐥𝐢𝐬 #💯 pic.twitter.com/qASLKJ3xhJ
— Digicel Haïti (@DigicelHT) January 20, 2023
Kliyan yo ki swete patisipe nan pwomosyon sa ap sèlman gen bezwen itilize kat SIM Digicel yo an pou konpoze kòd *500# Voye ale epi seleksyone opsyon “Tiraj Moto” pou kapab elijib pou tiraj jounen an. Aplikasyon My Digicel lan kapab itilize tou.
Chak fwa kliyan yo konpoze kòd sa, y ap resevwa yon nimewo konfimasyon ki pral ajoute aprè nan lis patisipan yo pou pwomosyon sa epi nimewo ki koresponn ak moun ki genyen an ap anonse sou kanal konpayi an genyen rezo sosyal yo.
Byen kòmanse ane w ak pwomosyon 𝟏𝟎𝟎 𝐌𝐎𝐓𝐎 𝐩𝐚𝐧𝐝𝐚𝐧 𝟏𝟎𝟎 𝐉𝐎𝐔 a. Digicel vle fè kè 𝟏𝟎𝟎 𝐤𝐥𝐢𝐲𝐚𝐧 kontan. Annik konpoze *𝟓𝟎𝟎#𝐒𝐍𝐃 epi chwazi “𝐓𝐈𝐑𝐀𝐉 𝐌𝐎𝐓𝐎” w ap resevwa yon SMS ak nimewo konfimasyon w la. Biyè a ap koute w 𝟐 𝐆𝐨𝐮𝐝 sèlman. pic.twitter.com/ui6QCIzQWW
— Digicel Haïti (@DigicelHT) January 19, 2023
Patisipan yo nan kad pwomosyon sa ap gen yon frè de (2) goud k ap sòti sou kont prensipal yo a chak fwa yo chwazi opsyon “Tiraj Moto” an. Toutfwa, okenn enfòmasyon pa kominike pou fè konnen si gen limit nan kantite fwa patisipan yo kapab chwazi opsyon tiraj sa.
Facebook Comments