C. Ronaldo fè match la fasil pou Al-Nassr, li fè 4 gòl fas Al Wenda 

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
c. ronaldo fè match la fasil pou al nassr, li fè  4 gòl fas al wenda 

Aprè 3 premye match ofisyèl C. Ronaldo ak Al-Nassr, Potigè a te gwo difilikte pou l jwenn wout gòl la. Jodi jedi a, ansyen jwè Real Madrid la fè 4 gòl epi depase 500 gòl li fè nan tout chanpyona li jwe nan karyè li. Tout gòl sa yo vini aprè koyekipye li Luiz te fè konnen « prezans C. Ronaldo rann match yo difisil » 

Se sou teren ekip Al Wenda, Ronaldo fè 4 gòl epi rann match la fasil pou ekip Al-Nassr a. 4 gòl sa fè ansyen jwè Manchester United la depase kantite gòl li fè nan zafè champyona (Premier League, Liga, Serie A, epi champyona sawoudyen an).

- Advertisement -
Ad imageAd image

Premye gòl Potigè a ta pral vini nan 21nyèm minit nan jwèt la, aprè Ghareeb te ba li yon pas, nan yon ti espas. Ak yon frap byen kwaze ak pye dwat li, Potigè a ta pran l fè yon double, aksyon gòl yo ta pral rive nan 41nyèm minit.

Sa pa ta pral rete la, paske jwè a ki pran Balon dò 5 fwa deja nan karyè li a pat satisfè, epi, li te pwofite montre Luis Gustavo, li ka rann match la fasil pou Al-Nassr. Nan 53zyèm minit, li ta pral fè yon 3zyèm gòl epi yon 4yèm nan 61nyèm minit.

Selebrasyon jwè a pa chanje aprè li te fin fè gòl li yo. 4 gòl sa yo fè Cristiano Ronaldo gen 5 gòl nan kalsman bitè champyona sawoudyen an.

N ap raple, dènye fwa jwè a fè tout gòl sa a, se te 10 septam 2019, fas ekip Lityani an. Sa fè 11zyèm fwa nan karyè Potigè a li fè 4 gòl.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive