Champions League : anpil kritik pou Donnarumma aprè defèt PSG fas Bayern nan

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
champions league anpil kritik pou donnarumma aprè defèt psg fas bayern nan

Yon lot fwa ankò medya fransè yo ak lòt medya ewopeyen yo pa epanye gadyen Italyen an aprè defèt PSG a fas ekip Bayern nan (0-1), madi pase a nan Parc des Princes lan pou 8tyèm final Champions League la. Preske tout medya yo montre se fòt gadyen Italyen an ki fè PSG pedi match la. Istwa a repete ankò, ane pase li te premye jwè ki lakoz  PSG elimine fas Real Madrid nan 8tyèm final.

Aprè match PSG VS BAYERN nan pou 8tyèm final Champions League la, laprès nan peyi Lafrans ak kèk Medya ewopeyen bay Donnarumma tout chay pote, kòm kwa li se reponsab nimero 1 defèt ekip la nan Champions League la, malgre li te retire 2 fwap pou Maxime Choupo-Moting.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Gazetta dello sport te ekri nan premye paj li « Donnarumma rate boul la », AS li menm te ale nan sans sa  » yon lòt fwa Donnarumma kondane PSG » Marca bò kote pa l te ekri  » Donnarumma te mòlòlò sou fèb ».

Gadyen Italyen an ki pa sispann fè flay anba gòl la pou PSG, deepi lè li rive nan  ekip la. Nan tout dènye match yo, toujou gen yon bagay li pa rive fèt byen. Fas Toulouse, li te peche sou yon gòl koufran (2-1), yon match PSG te genyen, fas Marseille, nan « Coupe de France » lan. Se menm penpen lan (2-1), fas ekip Monaco a se pa pale (3-1).

Nan rankont fas ekip Bayern nan, madi pase a, ansyen gadyen Milan AC a te retire 6 chout pou Bavarois yo, sa ki te fè PSG pa pran plis gòl nan rankont lan, sa pa pat ase paske rate li fè sou gòl Kingsley Coman nan koz ekip la pèdi. Mèkredi 8 mas tout fanatik yo ap tann li nan match retou a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive