Chèf gang Ti Lapli nan gwo enkyetid aprè atak sa lapolis fè a

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
chèf gang ti lapli nan gwo enkyetid aprè atak sa lapolis fè a
Lapolis Nasyonal Dayiti (PNH) mete grif li deyò ayè Jedi 20 Avril 2023 sa a, bò 3è nan aswè, yo mete anba kòd youn nan pi gwo akolit li yo ki se Forestal Jude, ki t ap sikile nan zòn Channmas, abò yon Toyota RAV4, koulè vèt, imatrikile AA: 46027.
Daprè dènye piblikasyon ekip kominikasyon PNH la pibliye sou kout filè sa a, misye se ta youn nan bwa dwat Renel Destinat anpil moun konnen sou non popilè li (Ti Lapli). « Jude te kite vilaj la pou ale Bèlè lè Lapolis te entèsepte li » daprè Lapolis.
Malgre enstabilite ak mankman resous PNH la ap konfwonte pandan moman difisil yo, ajan fòs lòd yo montre detèminasyon yo pou yo pa pèdi chimen misyon yo ki se kontrekare tout konplotè ak bandi san fwa ni lwa k ap simen latwoublay tribò pa bò nan peyi a.
Pou kouwèl ye la a, prezime konkonday chèf gang Gran Ravin nan ap pase tan l nan youn nan komisarya Pòtoprens lan, pandan l ap tann dènye santans k ap gen pou pwononse kont li kèk jou aprè.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.