Pizyè milye fanmi Ayisyèn fòse kite pwòp kay yo pou chape anba vyolans gang

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
pizyè milye fanmi ayisyèn fòse kite pwòp kay yo pou chape anba vyolans gang

Sitiyasyon an Ayiti vin pi konplike pandan vyolans gang yo ap kontinye ogmante. Plizyè milye fanmi Ayisyèn oblije kite kay yo pou chape anba laterè gwoup gang ak zam yo enpoze. Bandi ak zam sa yo deja pran anpil teritwa atravè peyi a, yo enpoze règ yo pa fòs ak gaye laperèz nan mitan moun nan lokalite yo.

Fanmi Ayisyèn yo bloke nan yon anviwonman kote gang ap fonksyone ak enpinite. Yo piye kay yo, mete dife nan kay yo, yo atake rezidan yo ak bal, epi yo rekrite timoun yo ak fòs pou yo rantre nan ran gang yo. Yon sitiyasyon ki pouse rezidan yo souvan pa gen okenn chwa ki se kite kay yo epi al chèche refij yon lòt kote.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Sepandan, menm lè yo kite kay yo, fanmi Ayisyèn sa yo toujou an danje. Gang yo kontwole wout ak katye yo, epi vwayaj yo riske. Kan refijye yo gen twòp moun, mete sou sa kondisyon lavi yo difisil. Popilasyon Ayisyèn nan ap fè fas ak yon sitiyasyon dezespere, yo pa konnen kote pou yo jwenn sekirite ak pwoteksyon.

Poko gen 2 jou, yon Masak fèt nan lokalite Sous Matla, kote abitan yo pale de plis pase 40 mò ki gen ladan 13 nan yon sèl kay. Lokal Ibo Beach ak Saint-Gérard se yo ki pi afekte daprè sa Radyo Metronome rapòte. Jiska vandredi maten sa a, moun ki te blese ak bal rete fèmen lakay yo, sa ki agrave sitiyasyon sante yo.

Malgre tout masak sa yo, tout krim sa yo k ap fèt nan peyi a, otorite Leta yo toujou rete nan silans yo. Fristre ak sitiyasyon sa a k ap ravaje peyi a, ansyen Depite Kabarè a, Joseph Manès Louis ki te pale sou Radyo Caraibe, denonse silans konplis otorite leta yo.

Li enpòtan pou nou note, sitiyasyon an vin pi grav ak kriz politik ak ekonomik peyi a ap travèse a. Enfrastrikti yo kraze, ekonomi an tonbe, epi ensekirite alimantè a gaye toupatou. Popilasyon Ayisyèn nan ap fè fas ak yon pakèt defi, ki fè li pi difisil pou plizyè milye fanmi Ayisyèn sove anba vyolans gang nan pwòp kay yo.

Se sak fè, li esansyèl pou kominote entènasyonal la reyalize gravite sitiyasyon an an Ayiti epi bay popilasyon Ayisyèn nan

sipò. Pou yo rive fè sa, fòk yo pran mezi pou pwoteje popilasyon vilnerab yo epi amelyore kondisyon lavi ayisyen yo. Fanmi Ayisyèn yo dwe kapab retounen lakay yo san danje, san yo pa pè laterè gang yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.