Chelsea, klèb ki pi gran depansè sou mache transfè a

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
chelsea, klèb ki pi gran depansè sou mache transfè a
Chelsea prèske achte yon dizèn jwè pandan mèkato ivènal la senpman. Klèb Londonyen an mete yon rekò nan kantite  lajan li depanse pou l fè jwè l te bezwen  yo vin jwenn li.
Okenn klèb pa t janm gran depansè  konsa nan yon mèkato ivènal. Chelsea  parèt ak bous li epi li kraze tout bagay. Blues yo depanse 329,5 milyon Ewo nan ti bout tan mèkato sa a, sa ki pa t ko janm fèt nan istwa jwèt la.
Transfè Enzo Fernandez la se ki pi chè nan tout, dayè se transfè ki pi chè nan istwa Premier League la. Chelsea met 121 milyon Ewo deyò pou l achte jèn mitan teren Ajaten ki te briye pandan Mondyal Kata 2022 a.
Chelsea rale anpil jèn jwè nan efektif li a. Li jwenn prete Joao Félix, yon prè peyan ki fè l mete 11 milyon Ewo sou tab la. Li pran jèn defansè Fransè a, Benoît Badiashile 38 milyon ak jèn espwa Ikrenyen an, Mikaylo Mudryk pou 70 milyon Ewo.
Ekip kapital peyi Angletè a pase pran lòt jèn moun mwens konnen tankou kapitèn Brezil U20 an Andrey Santos (12,5 milyon), Date Fofano (12 milyon), Malo Gusto (30 milyon) ak Noni Madueke (35 milyon).

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.