Pwogram Imanitè: Administrasyon Biden lan mande transfere pwosè a nan yon lòt jiridiksyon

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
pwogram imanitè administrasyon biden nan mande transfere pwosè a nan yon lòt jiridiksyon
Administrasyon federal ameriken an mande jij Tipton ki sou dosye plent 20 Eta yo, pou transfere pwosè a nan yon lòt jiridiksyon. Daprè sa Administrasyon Biden nan fè konnen, yo pa konfòtab ak tribinal sa a, paske yo favorab pou Repibliken yo.
Vrèman vre, nan yo rekèt adrese ak Jij Drew Tipson ki ap gen pou tande yo nan mwa avril k ap vini an, Administrasyon federal Ameriken an mande pou transfere nan yon lòt jiridiksyon jijman kont 20 eta yo. Federal yo fè konprann yo pran desizyon sa a, paske tribinal la favorize Repibliken yo, sa ki vin fè yo pa konfòtab ak tribinal la a.
Nan sans sa a, federal yo  sikjere Washington oswa Austin.
N ap raple 20 Eta ameriken ki gen ladan Eta Florid te atake devan lajistis gouvènman Biden nan, nan dat 4 janvye 2023 pase a nan tribinal federal la sou Pwogram Imigrasyon Kondisyonèl Imanitè a. Daprè Eta Repibliken sa yo, sa vyole lwa imigrasyon ameriken an.
Sepandan, nan dat 26 janvye, yon domikiman tribinal Eta Texas, te fè konnen, 2 pati yo ap gen pou  yo rankontre 25 avril 2023 epi se  Jij Drew Tipton k ap  gen pou tande yo, epi pran desizyon final li. Si sa pa fèt, li posib pou delè a pwolonje. Anvan dat sa, 2 pati yo ap vin bay tribinal la tout agiman nesè sou dosye a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.