Crown act, yon lwa ameriken ki pral sanksyone diskriminasyon sou cheve moun nwa yo

Sam Sarah Devilus
ParSam Sarah Devilus- Rédactrice
crown act, yon lwa ameriken ki pral sanksyone diskriminasyon sou cheve moun nwa yo

Sena ameriken an ap gen pou apwouve yon lwa ki pote non Crown act, k ap gen pou entèdi epi sanksyone tout diskriminasyon sou moun nwa yo, akoz cheve yo.

Cheve krepi oubyen boukle, très, dread locks, toujou lakoz gwo pwoblèm ak diskriminasyon, souvan bò kote moun nwa yo. Yon etid ki fèt Ozetazini ta fè kwè, anviwon 66% fanm nwa chanje kwafi yo pou yo ka al pase entèvyou pou yon djòb, epi 41% defrize oubyen lise cheve yo. Yo souvan konsidere cheve moun nwa yo sitou medam yo kòm pa pwofesyonèl. Yon lwa Ameriken vle chanje sa.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Atravè Crown act, gouvènman ameriken an vle pwoteje kont diskriminasyon, tout moun ki gen cheve krepi, ki fè dread locks oubyen ki gen très. Angwo, lwa sa a ap entèdi tout fòm diskriminasyon sou moun ki pote modèl kwafi sa yo, epi bay yon entèdiksyon fòmèl ak tout antrepriz ki ta rezife yo yon djòb, oubyen yon lekòl ki ta refize yo aksè ak edikasyon akoz teksti cheve yo.

Lwa sa a pran nesans nan lane 2019, aprè yon abit te egzije pou yon elèv lekòl koupe cheve l yo ki te locks, san sa li patap ka patisipe nan konpetisyon lit la. Daprè li, kwafi sa pat règlemantè. Depi lè sa 20 eta ameriken adopte lwa sa, epi gen kèk lòt k ap etidye lwa sa toujou.

Crown vle di kouwòn nan lang anglè a, men non lwa sa se pito yon akwonim ki vle di, kreye yon mond ki gen respè epi ki ouvè pou cheve natirèl yo. Lwa sa ki deja an aplikasyon depi lane 2019 nan eta Kalifòni, epi depi 2020 nan kèk lòt eta nan peyi Etazini gen pou objektif pwoteje moun ki gen cheve krepi, ki gen dread locks, très, menm si cheve a mare oubyen lage sou do, nenpòt kote yo ta ye a, kit se nan espas piblik, lekòl, travay, lopital elatriye.

Depite ameriken yo deja apwouve lwa sa 2 fwa deja, rete chanm sena a ki pou apwouve li.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Sam Sarah Devilus
Par Sam Sarah Devilus Rédactrice
Follow:
Journaliste / Communicatrice / Bookstagrameuse.