Pa t sèlman genyen kalifikasyon seleksyon nasyonal lan pou Danielle Étienne

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
pa t sèlman genyen kalifikasyon seleksyon nasyonal lan pou danielle Étienne

Mitan tèren seleksyon nasyonal ayisyèn lan, Danielle Etienne, ki te pami 23 jwez Nicolas Delépine te seleksyone pou baraj entèkontinantal yo, prezante aprè viktwa Ayiti fas Chili an (2-1) premye pitit gason li ki pran nesans sèlman de mwa avan konpetisyon an.

Danielle Monique Etienne ki te rate dènye eliminatwa Concacaf yo ki te fèt nan peyi Meksik jiyè ane ki sot pase an akoz gwosès li an, prezante piblikman, pou premye fwa, Ezekiel James Etienne-Armstrong, premye pitit gason li ki gen sèlman de mwa.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan yon nòt kominikasyon piblik, jwez ayisyèn 23 lane an k ap jwe nan chanpyona inivèsite nan peyi Etazini, prezante de evènman sa yo kòm de pi gwo defi li fè fas avè pandan ane 2022 an ak kòmansman ane sa kote l te oblije goumen, travay di ak fè anpil sakrifis.

« Mw te travay pi di pase janm ta ka imajine, paske m te konnen se pa t sèlman pou tèt mw, ou byen jis pou peyi m, men tou se te  pou ti gason m . Kounya, mw kapab di avèk fyète, de mwa aprè mw fin gen pitit gason m lan, nou kalifye e mw rejwenn Ayiti kòm premye ekip ayisyèn fanm nan istwa Koup Dimonn FIFA. »

Danielle Etienne ki te tou pwofite pou remèsye epi eksprime rekonesans li ak tout moun ki te soutni l yo pandan peryòd sa, fè konnen li pa t imajine li t ap kapab akonpli 2 gwo rèv sa yo nan sèlman entèval 3 mwa. Jwez lan ki pa t jwe pandan de match baraj Ayiti yo, anonse l ap kontinye travay pou kapab la ak seleksyon an nan 9èm edisyon Koup Dimond fanm lan k ap fèt apati mwa jiyè k ap vini la.

N ap raple, nan baraj entèkontinantal yo, seleksyon nasyonal ayisyèn lan te bat ekip Senegal la nan premye match li an (4-0) epi genyen seleksyon chilyèn lan aprè (2-1) gras ak yon double Corventina ta pral make pou ofri Ayiti premye patisipasyon l nan yon Koup Dimonn fanm FIFA nan kategori senyò.

Facebook Comments

- Advertisement -
TAGGED:
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.