Danley Jean-Jacques ak FC Metz kapab reve yon monte nan Ligue 1 an

Jacky Chery
Par Jacky Chery  - Rédacteur
danley jean jacques ak fc metz kapab reve yon monte nan ligue 1 an

Fas lidè chanpyona dezyèm divizyon fransè an, Le Havre, ekip FC Metz lan ki gen ladan l konpatriyòt nou Danley Jean-Jacques, fè match nil yon gòl nan chak kan nan okazyon 27èm jounen Ligue 2 an.

Grena yo ki t ap resevwa fòmasyon Le Havre lan nan match anreta 27èm jounen Ligue 2 an, fè match nil jodi lendi an (1-1) aprè yo te rive mennen nan eskò yo avan poz premye mitan an. Yon rezilta ki ka pèmèt yo espere yon monte nan Ligue 1 an.

Aktyèlman katriyèm nan Ligue 2 an avèk 45 pwen pou 27 jounen, FC Metz ki gen ladan l mitan tèren ayisyen an Danley Jean-Jacques twouve l pa lwen tèt klasman an kote se sèlman de (2) pwen ki separe l ak Bordeaux ki se dezyèm lan.

Avèk match nil sa fas Le Havre k ap domine chanpyona a avèk 56 pwen, 9 anplis ekip ki swiv li an, Grena yo anrejistre yon katòzyèm match san pèdi nan Ligue 2 an. Dènye defèt yo an se te nan mwa oktòb 2022 fas menm ekip Le Havre sa.

N ap mansyone, Danley Jean-Jacques ki apèn pwolonje kontra l avèk FC Metz semèn ki sot pase an, jwe tout match la jodi lendi an. Mitan tèren ayisyen an, depi kòmansman sezon an, genyen yon plas titilè avèk Grena yo.

Facebook Comments

Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.