Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) nan yon nòt pou laprès pibliye ayè lendi an, fè konnen yo kondane zak vandalis ki te fèt lendi 13 mas sa a nan lise Marie Jàn ak lise Jèn Fi.
Elèv ki soti nan lòt lekòl te vandalize lise Marie Jàn ak lise Jèn Fi nan Pòtoprens, pandan elèv lekòl sa yo te nan klas. Se sak fè, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) denonse zak vandalis sa yo ki fèt nan 2 lise sa yo.
Dapre presizyon Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) pote nan nòt sila a, zak vandalis sa yo te koze pa kèk endividi ki te pote inifòm lise, ak lòt ki te gen kagoul nan tèt yo ak braslè nan men yo. Yo kraze baryè, kraze vit plizyè machin, desann drapo epi fè menas pou yo fèmen 2 lise sa yo.
Yon lòt bò, MENFP bat bravo pou ajan PNH yo, ki gras ak efò yo te rive limite dega yo. Ministè a mande tout patnè ak tout sitwayen pou yo kontinye mete men pou defann dwa pou lavi ak dwa pou ledikasyon timoun yo, epi pwoteje lekòl yo.
MENFP kontinye di pa gen avni san edikasyon, pa gen peyi san edikasyon. « Lekòl se pi gwo zouti pou nou sove sosyete sa a ak timoun yo », te konkli Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP).
Facebook Comments