Deklarasyon Konseye Prensipal ak Pòtpawòl an Chèf Symone Sanders sou konvèsasyon l ak Vis Prezidan Ameriken Kamala Harris

Netalkole Media
ParNetalkole Media

Yè, Vis Prezidan Harris te pale ak Sekretè Depatman Sekirite Enteryè (DHS) a Alejandro Mayorkas pou li te ka ba li rapò sou vwayaj li te fè nan Del Rio. Pandan apèl sa a, Vis Prezidan an te eksprime gwo enkyetid li genyen sou move tretman ofisye k ap fè patwouy sou fwontyè sou cheval te fè sou migran ayisyen yo, ak nesesite pou tout ofisye CBP sa yo trete moun ak diyite, tankou moun, jan lalwa mande sa epi nan respè valè nou yo. Sekretè Mayorkas bò kote pa li te eksprime menm enkyetid Vis Prezidan an e li te fè konnen ke li gen pou ba li yon rapò sou envestigasyon Biwo Responsablite Pwofesyonèl la ap mennen tout swit envestigasyon sa a ta fini.  Sekretè Mayorkas te pale tou ak Vis Prezidan an sou efò DHS ap fè sou kesyon bezwen  imanitè ki genyen sou fwontyè nou nan Del Rio, tankou efò pou bay manje, kote pou moun yo dòmi, rad ak swen medikal.  Li te pale tou de dyalòg ki genyen ak òganizasyon non-gouvènmantal (ONG) yo ansanm ak òganizasyon entènasyonal yo.

Vis Prezidan an te pran nòt de atansyon ak enkyetid Sekretè Mayorkas te pataje avèk li, epi l’ap tann pou fè swivi ak Sekretè a nan jou k ap vini yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Restez informé(e) 7 jours sur 7, 24h sur 24, des événements marquants de l’actualité haitienne et internationale.