Depay kapab kite Barcelone pou Atletico Madrid 

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
depay kapab kite barcelone pou atletico madrid 

Depi rive Xavi nan tèt ekip Barcelone nan, Depay pa vrèman jwenn anpil tan pou li jwe, sa ki fè jwè a anvi kite klèb la pou yon lòt eksperyans. Anonse nan Juventus ak Inter, Depay kapab depoze valiz li nan Atletico Madrid pou 2 sezon. Barcelone ak Atletico Madrid ap negosye sou transfè sa depi kèk jou. 

Jwè Neyèlandè a ap rejwenn ekip Atletico Madrid la pou yon kontra k ap bout 2025. Ide transfè sa a, se Barcelone ki vle chanje Memphis Depay pou Yannick Ferreira Carrasco. Yon negosyasyon ki entèrese tou 2 jwè yo, men 2 klèb yo poko ka jwenn yon bon jan antant sou dosye sa.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè ‘Mundo Deportivo’ Memphis Depay ta mete l dakò ak transfè sa, kote ansyen jwè OL la ap angaje l pou 2 sezon ak klèb kapital Madrid la. Nan jou k ap vini yo 2 klèb yo kapab mete yo dakò sou transfè sa.  

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive