Lidè konferans Ès la genyen Hornets yo (130- 116), nan lannwit lendi a. Nan match sa, Jayson Tatum rive make 51 pwen, 9 rebon, 5 pas. Jalen McDaniels (26 pwen) ak LaMelo Ballte (25 pwen) te montre yo desizif anpil pou Hornets yo.
Pou anivèsè reveran an, ki se 3zyèm lendi mwa janvye ki se Martin Luther King Day la, Boston pi bon ekip nan NBA a, bat Hornets yo (130-116). Jayson Tatum ak koyekipye l yo kontinye ap fè Boston briye nan NBA a, epi bay gwo pèfómans, menm lè yo pat genyen Jaylen Brown.
Jayson Tatum ta pral ede Boston ak bèl pas li yo epi make 51 pwen nan match la. Jwè Charlotte yo, tankou Jalen McDaniels te montre yo te jwe tèt pou tèt ak ekip Boston an. Aprè rankont lan, Jayson Tatum fè konnen :
« Sa fè kèk tan m pa make 50 pwen, epi m rate kèk tir nan kòmansman match la… men sa byen pase nan fen match la. »
Li te ajoute yon fraz, sou sa ki gen pou wè ak jou Martin Luther King lan : « San li, m pa t ap ka fè sa m fè jodi a epi reyalize rèv mwen. »
Facebook Comments