DG Frantz Elbé rankontre Anbasadè Cristóbal Dupouy

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
dg frantz elbé rankontre anbasadè cristóbal dupouy

Lapolis Nasyonal Dayiti (PNH) nan yon nòt pibliye jodia madi 4 avril 2023 a, fè konnen Direktè Jeneral Enterimè PNH la, Mesye Frantz Elbé, rankontre, lendi 3 avril 2023 sa a, Anbasadè Cristóbal Dupouy, Reprezantan Pèmanan Sekretè Jeneral Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) an Ayiti.

Daprè sa entitisyon lapolis la rapòte nan nòt sila a, pandan rankont sa pwoblèm sekirite an Ayiti ak ranfòsman kapasite operasyon PNH la te diskite ant DG enstitisyon Polisyè Ayisyèn nan ak Anbasadè Cristóbal Dupouy, Reprezantan Pèmanan Sekretè Jeneral Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) an Ayiti.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yon lòt bò, PNH la fè konnen, nan fen rankont sa a, atravè kò Kòmandan an Chèf Frantz Elbé, Lapolis Nasyonal Dayiti renouvle angajman l pou l lite yon fason efikas kont krim òganize sou tout fòm nan tout peyi a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.