DG Frantz Elbé rankontre Anbasadè “Taïwan” an Ayiti a, Wen-Jiann Ku

Ravensley Boisrond
ParRavensley Boisrond
dg frantz elbé rankontre anbasadè “taïwan” an ayiti a, wen jiann ku

Direktè Jeneral Polis Nasyonal Ayiti a, misye Frantz Elbé, rankontre Anbasadè Repiblik Lachin nan (Taïwan) an Ayiti a, misye Wen-Jiann Ku, Mèkredi 12 Avril 2023 sa a.

Ranfòsman kapasite operasyon PNH la ak fòmasyon kontinyèl ak espesyalize pou lapolis ka lite efikasman kont krim òganize sou tout fòm li yo, se te sant diskisyon rankont sila.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan kad rankont sa a, Kòmandan an Chèf lapolis la Frantz Elbé repete angajman PNH la pou l kontinye goumen ak gang ame yo pou kreye yon klima lapè favorab pou byennèt popilasyon ayisyen an.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Journaliste, Amateur de littérature et de la photographie, grand passionné du multimédia