Gérard Klarens Resil, ki gen non Dj li madmix, konsyan de sitiyasyon fewòs peyi Dayiti ap konfwonte dènye tan sa yo, « Kabrit La » se tit mizik sa Madmix an kolaborasyon ak Jahman, mete tèt yo ansanm pou dekri epi konpare chak grenn ayisyen ki kite peyi a san objektif, pou retounen lakay yo.
Li sòti 31 mas 2023, vwa ki chante a se vwa atis Jahman, se yon pwojè Dj madmix konsakre enèji l ak resous li, mete sou lanmou l pou mizik, pou l te akouche ide sa a. Istwa mizik sa pran nesans nan kajou tandans rasin lakay, ki makonnen ak divès lòt rit tankou ; afro House, Afro Tech, électronic music, elatriye. Yon seri chwa daprè eksplikasyon Dj a, ki similè ak etil li abitye jwe yo.
Tèks mizik lan rakonte yon reyalite anpil ayisyen ap viv oubyen anvi viv pandan dènye moman sa yo ki se « pati kite peyi a, al viv lòtbò dlo », akòz Sitiyasyon aktyèl la ki depaman, sa ki ta menm fòse anpil ayisyen pa anvizaje retounen lakay yo[…] « Kabrit la ale peyi lwen lwen lwen, leyogàn ! ougan malad, wonsi yo pran kriye », premye fraz ki kòmanse mizik lan, anba yon dividal son tanbou tradisyonèl.
Madmix ki se alafwa yon pwodiktè epi yon Dj ayisyen, te bay prèske tout detay sou mizik lan, li eksplike tou rezon ki mennen mo »kabrit » la nan sijè an ki se » Yon metafò nou itilize pou senbolize nou menm kòm Ayisyen k ap degingole kite peyi a pou al anbeli lòt nasyon, nou kite kilti nou ap pandjye nan do nou, sèl fokis la jodi a se ale byen lwen » te site Madmix.
Lè w ap eseye detaye chak ba yo nan mizik lan, ou dwe wè se yon gadò ki pèdi kontwòl yon swadizan kabrit yo te ba l pran swen, « M atrave jodi a m antrave, kabrit espri a sove nan men mwen ». Chak vès yo manifeste yon koneksyon san dout ki mistik, yon regrè ak yon dezespwa total. Madmix nan deklarasyon l yo kontinye pou fè konnen, » Nou dwe resezi nou, aplike rityèl nou yo pou n libere peyi a, rasanble pitit tè a yo ki deja pran lòt direksyon ». Pandan li kwè se Ayisyen ki pou wete Ayiti nan katchaboumbe li twouvel jounen jodi a.
» Zak ensekirite, kidnapin, mechanste, vyòl, vòl, enjistis dwe koube anba lanmou ki dwe boujonen nan mitan nou chak kòm AYISYEN », pèsiste patriyòt la nan yon kout bat bouch nou te genyen ak li.
Pi lwen, li asire plizyè lòt bèl pwojè nan wout, tout pandan li mande sipò tout moun, pou ede l simaye mesaj rekonsilyasyon li pote pou konpatriyòt li yo.
Li enpòtan pou n raple, se Jahman ki ekri tout tèks la epi ki chante tout mizik lan, Madmix ak One Take Studio fè aranjman yo ak konstriksyon bit la. Videyo a disponib sou platfòm Madmix lan.
Facebook Comments