Di Maria se youn nan lejand ki pote mayo seleksyon Ajantin nan. Dimanch 18 Desanm nan, li pran premye Mondyal li ak Albiceleste a. Semèn sa, l anonse l ap kontinye ak seleksyon an.
Youn nan pi gwo kado foutbòl Ajaten an konnen se Angel Fabian Di Maria. Se pòt-bonè ekip sa depi lè l ap jwe avè yo. Li se sèl jwè ki toujou fè gòl nan chak final Ajantin ranpòte yo. Alòske yo panse l t ap pran retrèt entènasyonal li, l anonse l ap kontinye pote mayo seleksyon an.
Angel Di Maria deja jwe 129 match sou koulè peyi l. Pandan gwo karyè l konnen an, li make 28 gòl e bay 27 pas desizif. Li fè plizyè gòl ki gen enpòtans kapital tankou gòl nan final Copa America, JO, Finalissima epi final Mondyal 2022 a anfas Lafrans.
Flaco a gen 55 konstribisyon gòl nan pasaj li ak Ajantin. E li ranpòte 3 twofe ak seleksyon senyò a. Lè l sou teren, se youn nan jwè ki pi enpòtan nan dispozitif ekip la. Jodi a li se dezyèm kapitèn seleksyon an. Ajantin gen chans jwenn Di Maria e l ap kontinye ofri sèvis li pou yon ti tan.
Facebook Comments