Lapolis an Repiblik dominikèn touye yon Ayisyen semèn pase a, nan zòn Plaza Lama Churchill. Dieumil se non jenn gason sila ki t ap fè taksi moto kay vwazen fòs lòd yo touye.
Un negro "matao" según testigo por miembros de la @PoliciaRD, porque el Negro Haitiano se negó a pagar el soborno.
Hasta cuando ciudadano presidente @luisabinader
Ningunear las vidas d negrxs haitianxs, trae como consecuencias inumeras violaciones a los Humanos Derechos.#Racismo pic.twitter.com/34yvXnPcgB— Maribel Núñez (@MaribelNunezV) February 18, 2023
https://twitter.com/MaribelNunezV/status/1627080308251316225?s=20
Plizyè temwayaj fè konnen, Dieumil, ki se moun Senmak nan depatman Latibonit, rive jwenn lanmò l aprè l te wè plizyè ajan polis epi te pete kouri pou yo pa t agrese l (arete l) antanke Ayisyen ki sou teritwa dominiken an.
Moun ki te sou plas rapòte ajan yo pa t ezite pou tire sou li epi voye l dwat nan peyi san chapo. Sou rezo sosyal yo gen moun ki konnen viktim nan ak kote li sòti nan vil Senmak. Yo deklare Dieumil te oblije janbe kay vwazen pou al chèche lavi miyò.
N ap raple, depi lane 2022 konpatriyòt ayisyen yo ap sibi move tretman anba men Dominiken. Kit se pa bò kote yon pati nan popilasyon sivil la oubyen otorite yo, migran ayisyen yo ap sibi anpil zak diskriminasyon ak rasis.
Akoz ensekirite a k ap fè raj nan peyi Ayiti, epi vi a ki pa fasil ditou, plizyè milye Ayisyen prefere janbe kay vwazen pou al chache lavi miyò. Menmsi Direksyon jeneral migrasyon (DGM) arete ak voye yo tounen pa bò isit pa pakèt, sa pa anpeche yo reprann menm pwosesis la pou rann yo an Repiblik dominikèn, paske viv byen nan peyi Ayiti rete yon veritab defi.
Facebook Comments